Baton ou gen nan men w, se avè l ou BAY kou.

Enpòtans lang kreyòl pou edikasyon lekòl ann Ayiti

Yves Dejean, PhD Professor
State University of Haiti

Nan yon konferans m t ap fè, mwen te sèvi ak yon pwovèb: « Baton ou gen nan men w se avè l ou pare kou. » Gen yon moun nan sal la ki te entewonp mwen. Li di:

« Baton ou gen nan men w, se avè l ou BAY kou. »

M ap sèvi ak premye fòm pwovèb la epi ak chanjman moun ki te entewonp mwen an fè a, pou m envite nou tout ki la a, kalkile se yon kokennchenn zouti nou chak nou genyen nan sèvo nou. Li konmanse devlope depi nan vant manman nou. Gen gran rechèch savan fè pandan 50 dènye ane sa yo ki montre: yon tibebe ki nan vant tande bri vwa moun k ap pale kote li ye a. Epi li kòmanse distenge son ki fè pati lang moun pale nan zòn nan, ak lòt bwi li tande. Paregzanp li tande bwi klaksonn machin. Li tande bwi loraj k ap gwonde. Li tande chen k ap jape, eksetera. Yon lè kon sa, manman l, ki ann Ayiti kab rankontre ak yon gwoup touris Ameriken k ap pale angle fò. Tibebe ki nan vant manman l lan tande bwi son lang angle a. Li distenge yo ak bwi yon moso mizik y ap jwe sou pyano. Men, kwak li rekonèt se bwi vwa moun k ap pale, li deja konnen: yo pa menm ak son manman l pouse lè l ap chante: « Dodo titit krab nan kalalou, sirèk nan gonbo. Si ou pa dodo krab la va manje w. » Pa mande m antre nan plis detay ak sa m jwenn nan liv ki detaye eksperyans laboratwa ki fèt ak tibebe. Epi ak ladrès ki pèmèt savan rekonèt : tibebe distenge bwi vwa moun k ap pale kòm son lang kreyòl, lè yo benyen nan kreyòl, kòm son lang

angle lè yo benyen nan angle, kòm son lang panyòl lè yo benyen nan panyòl, tankou tibebe an Dominikani, peyi a kote Ayiti a, son lè yo benyen nan franse, eksetera.

Remake mo benyen an. Li ede nou rekonèt LANG « se aktivite ki pi anvayi lavi moun . » (‘’The most invasive human activity’’). Moun kapab manje twa fwa pa jou epi yo fè kèk ti bat bouch yo. Travayè gen dwa travay uit èdtan oubyen plis pase sa. Ti elèv lekòl ak gran elèv ak etidyan gen dwa pase anpil tan lekòl epi bon valè tan lakay yo ap etidye, ap li liv. Men remake lè kon sa, se ak yon lang yo sèvi. Epi mou konn fè yon ti pale, lè y ap manje, lè y ap travay tou.

Lè moun ap kalkile pawòl nan tèt yo, lè y ap reve je klè, lè yo pale ata lan dòmi, se ak yon sistèm lang ki nan tèt yo y ap sèvi. Sa klè, nanpwen aktivite ki pi anvayi tout lavi nou pase lang. Men, se pa nenpòt ki lang. Se yon lang yo deja konnen. E pou pi fò moun sou latè, kit ann Ayiti, kit oz Etazini, kit an Chin, kit ann Afrik, ann Ewòp, nenpòt ki kote sou latè, se yon lang yo ATRAP, san yo pa chwazi l, lè yo tou piti. Depi yo gen twa katr an, nannan sistèm lang lan deja tabli nan lespri/sèvo yo. Ant dènye kat mwa tibebe pase nan vant manman yo ak lè yo rive sou katr an, nan mòn Ayiti, nan plenn Ayiti, nan bouk Ayiti, nan vil Ayiti, yon sistèm estwòdinè devlope nèt nan sèvo yo. Epi sistèm sa a òganize lòd 16 konsòn ak 10 vwayèl kreyòl, rapò son sa yo genyen youn ak lòt, plas kote yo kapab parèt ak plas kote yo pa kapab parèt, kouman yo aji youn ak lòt. (Depi anvan 1750, ki fè plis pase 260 ane, non kreyòl tounen non sistèm sa a ann Ayiti. Sa pa fatige tèt mwen ditou, lè m chonje plis pase 9 milyon 300 mil moun ann Ayiti konnen yo pale kreyòl epi konbyen lòt milyon moun nan peyi a te sèvi ak non kreyòl la depi plis pase 260 ane. Se yon ti pawòl mwen di, anvan m tounen nan nannan koze sistèm nan.)

Sistèm nan òganize lòd mo kreyòl yo, rapò yo youn ak lòt, fòm yo, sans yo, sans fraz mo sa yo fòme.

Sa Nom Chomski ekri an 2008: paj 8 yon dokiman, pou tout kalite lang, vo pou kreyòl Ayiti a tou : Depi 1983.

« Se pa yon egzajerasyon ki fè nou di n aprann plis sou lang pase pandan 2 mil ane refleksyon ak rechèch sou lang. » Malerezman, ann Ayiti, gen plizyè entelektyèl ki pale pawòl kwochi sou lang kreyòl nou an e ki ekri koze anfantiyaj sou li. Sa tris pou nou tande moun ki pase douz an lekòl k ap mande : èske kreyòl se yon lang ?

M ta renmen mande doktè ayisyen k ap swen tout kalite maladi ak anpil devouman, seryozite, entelijans, konesans pwogrè lasyans ak rechèch modèn, si gen moun ann Ayiti ki deja mande yo: Èske lestomak Ayisyen dijere manje tankou lestomak moun oz Etazini, an Frans, an Chin?

Èske kè yo bat menm jan ak pa Ris, Polonè, Japonè, Brezilyen?
Èske Ayisyen se moun tankou Alman, Dominiken, Italyen, Kongolè, Meksiken?

Sa tris pou nou li atik 213 konstitisyon 1987 la, ki deklare yo mete yon Akademi Ayisyen pou fikse lang kreyòl la epi pou fè l devlope ann òd selon lasyans.

Sa nou ta di si yon asosiyasyon doktè ayisyen ta la pou li fikse yon wotè yon tibebe ayisyen ki fèk fèt pa ta gen dwa depase lè li fin fòme ant 11, 12, 13 oubyen 14 an?

Si li ta deklare: ti Ayisyen oblije fèt ak 5 grenn dwèt nan chak men epi ak 5 grenn zòtèy nan chak pye.

Ti Ayisyen dwe fèt ak kè yo sou bò goch epi ak de zòrèy youn a dwat, youn a goch.

Tibebe Ayisyen dwe konn kouche anvan yo chita. Yo dwe konn chita anvan yo kanpe. Yo dwe konn kanpe anvan yo kouri.Yo dwe gazouye anvan yo pale. Yo dwe konn pale anvan yo chante.

Kouman fè de vye pawòl sou lang kreyòl pale nan peyi nou, nan bouch moun ki pale kreyòl depi yo ti katkat?

Depi swasant an m ap fè rechèch sou lang kreyòl nou an, nan Sid, nan Nò, nan Latibonit, nan zòn Tigwav, nan Pòtoprens, m pa janm rankontre ak yon Ayisyen ki pa janm al lekòl, ki pa konn li, ki pa konn ekri, epi ki ta mande: Èske kreyòl se yon lang?

M ap sèvi ak pwonon kreyòl yo, pou nou reflechi sou 2 deklarasyon diferan:

  1. 1)  “Gramè kreyòl se yon gramè ki esansyèlman endo-ewopeyen, men, ki senplifye anpil anpil.” Se yon pawòl yon ekriven franse, Jilyen Venson [Julien Vinson] ekri an 1889 (al wè yon dokiman Michèl Degraf 2005:538 “Linguists’ most dangerous myth…”)
  2. 2)  Fòm kout pwonon kreyòl Ayiti yo, mete anpil anpil konplikasyon nan system son kreyòl Ayiti a (mo espesysalis: fonetik ak fonoloji).

Egzanp m ap bay yo, se bon jan pawòl plis pase 9 milyon Ayisyen ti zòrèy, jan koze a konn di a, pale toulejou. M ap konpare yo ak egzanp pawòl moun kapab di fasil, men, sistèm son kreyòl la pa asepte. Mwen make egzanp sa yo ak yon ti etwal* lè m ekri yo, jan sa fèt nan liv lasyans lang.

Fòm pwonon pèsonèl yo:
Premye pèsòn sengilye mwen Dezyèm pèsòn sengilye wou Twazyèm pèsòn sengilye li Premye pèsòn pliryèl nou Dezyèm pèsòn pliryèl nou Twazyèm pèsòn pliryèl yo

ou

m
w
l
n
n
y (yon fòm ki pa sèvi kòm konpleman pliryèl)

  1. Mwen la, mwen wè w.
  2. Mla,mwèw.
  3. Mwen anvi bwè yon ti kafe.
  4. M anvi bwè yon ti kafe.
  5. *Mwen a wè w demen,*mwen ap vini (yo pa di sa).
  6. Mawèwdemen,mapvini.
  7. Ou vini, w ale.
  8. *Wou vini, *wou ale. (yo pa di sa).
  9. Se wou.
  10. *Se ou (yo pa di sa).
  11. *Se w (yo pa di sa).
  12. Li vini, l ale.
  13. Li oblije vini epi li ale.
  14. Nou vini, lè n vini, ou pa te la.
  15. Nou vin yè, lè nou vini, ou pa te la.
  16. ?*n vin yè, *lè n vini, *w pa t la.(yo pa di sa).
  17. Nou arete vòlè a.

18. N arete vòlè a.
19. N a wè demen.
20. *Nou a wè demen (yo pa di sa).
21. Yo vini, yo ale vini epi y ale.
22. Nou wè yo.
23. *Nou wè y (pliryèl) (yo pa di sa)
24. Li di m : yo di m yo di w di l di n di yo sa.

Fòm kout pwonon dezyèm pèsonn sengilye, yo ekri ak lèt w (doubleve) a, pa manke fè mèvèy ak mo ki fini ak vwayèl a, e, è, i, an, en (lè nou pwononse vwayèl sa yo nou pa lonje po bouch nou kòm si n ap fè yon ti boude). Men, nou lonje po bouch nou pou vwayèl ki won: o, ò, on, ou.
Men mèvèy fòm kout pwonon « ou » a, nou ekri ak lèt « w », kapab fè lè li an rapò ak yon mo ki fini ak vwayèl a, e, è, i, an, en (6 vwayèl). Li gen dwa fè yo tounen vwayèl ki won, kòmkwa nou fè yon ti lonje po bouch nou.

25. M pa papò w oubyen M pa papa w.

26. Ale alo w oubyen Ale ale w.
27. Madigra, m pa pò w oubyen Madigra m pa pè w oubyen: sa m fò w = sa m fè w. 28. Ban m nouvèl manmon w oubyen Ban m nouvèl manman w.
29. Sa m dou w oubyen Sa m di w.
30. M renmon w oubyen M renmen w.

(Ti medam, m pa voye n al fè ti mesye yo deklarasyon non. Ti mesye, m pa voye n al fè ti medam yo deklarasyon. Se pawòl lasyans m ap pale. Nou mèt di m: pale palo w, n ap kouto w!) M ap mete sou nou toujou: Lè nou chonje pase 9 milyon moun di tèl pawòl tèl jan, men, yo pa di l tèl lòt jan epi pèsonn poko vini ak okenn eksplikasyon pou sa, ki sa koze gramè senp, gramè pi senp, vle di? Se pawòl van. 9 milyon moun ann Ayiti (Ayisyen nan dyaspora a tou), lè y ap soti, le moman y aprale di oubyen konn di:

31. M ap vini (yo pa di: *mwen ap vini).

32.Male (yopadi:*mal). Lè yo retounen yo di:

33.Mvini (yopadi:*mvin).
34. Men sa m pote (yo pa di: *men sa m pot).

Men yo di :
35. Men sa m pot pou wou.

Yo pa di moun:
36. *Gad mwen – *gad ou – *gad li – *gad nou – *gad yo… men yo di:
37. Gade + m, mwen; m gade w/wou; m gade li – m gade l – m gade nou – m gade n – m gade yo.

Yo di:
38. Entèl konnen mwen – wou – li – nou – yo – m – w – l – n – yo.

Yo pa di:
39. *Entèl konn mwen – ou – li – nou – yo…
40. Yo di: Chofè mete m Channmas / w – l – n – yo.
41. Yo pa di: Chofè met mwen Channmas / wou – li – nou – yo.

Nou te kwè kreyòl tou senp? Nou wè li konplike, tout lang konplike. Sa ki dwe fè n sezi ni pou kreyòl, ni pou nenpòt nan si (6) mil lang yo pale sou latè a, si se pa plis: Tout timoun piti konn pale kreyòl depi yo gen twa osinon katr an ann Ayiti. Tout timoun ki benyen nan yon lang anvan yo fin fòme, nenpòt ki kote sou latè, atrap sistèm konplike lang lan, kit chinwa, kit franse, kit arab, kit swaili, kit kreyòl Ayiti a. Mwen di benyen. Mwen konnen lawouze pa ta kont pou fè jaden bannann, pwa, mayi, patat, donnen si nanpwen lapli, nanpwen kannal irigasyon, nanpwen kont dlo.

Yon ti farinay pou kat milyon timoun ann Ayiti ki gen 5 – 6 an jis 11 – 12 pa reyisi ban nou menm yon grenn milyon mou ki ta kapab di lang franse rele yo chè mèt, chè metrès tankou lang panyòl rele ti Kiben ak ti Dominiken vwazinaj pre nou (e se an panyòl yo etidye lekòl paske se nan panyòl yo benyen). Tankou lang angle rele ti Ameriken chè mèt, chè metrès (e se ann angle yo etidye lekòl, paske se nan angle yo benyen). Tankou ti Alman ann Almay, paske se nan alman yo benyen. Tankou ti Italyen ann Itali, paske se nan italyen yo benyen). Pawòl la di : selon filange w, selon sale w. Toutotan sistèm lekòl Ayiti a pa sèvi nèt ak zouti ki nan lespri/sèvo tout ti Ayisyen ki fèt e ki leve ann Ayiti, responsab lekòl fèmen pòt konesans nan figi kat milyon timoun ki pa te benyen nan lang franse, ni ki pa kapab benyen nan franse. Tankou sou tan lakoloni ant 1650 kon sa ak 1800 – 1804, yon ti ponyen timoun ki fèt nan peyi nou benyen nan kreyòl pandan yo benyen nan franse tou. Yo atrap tou le de lang yo. Kòm lekòl fèt an franse,

zouti franse a ki deja nan lespri/sèvo yo sèvi yo chemen konesans pou y aprann li, ekri, konte, pou y aprann istwa d Ayiti, jewografi, fè adisyon, soustraksyon, miltiplikasyon, divizyon, eksetera. Yon lòt pòsyon timoun, ak chans, ak redi, ak fòse, reyisi konn kont franse pou yo devlope lòt konesans. Èske sa kapab fèt menm jan an pou tout timoun? Pandan plis pase mil ane ann Ewòp lekòl te fèt an laten. Se kon sa yon lelit vin gen gran konnen an Frans, ann Angletè, ann Itali, ann Almay, ann Espay epi nan lòt peyi ann Ewòp. Se 2 pou san, sa vle di se chak de moun sou 100 moun, jis nan finisman diznevyèm syèk, jis apre 1870 kon sa ki te konn li, ki te konn ekri. Jodi a pandan pi fò moun nan peyi sa yo pase plis pase 10 an lekòl, se nan lang yo pale toulejou, kouwè manman yo ak papa yo, yo etidye. Gran devlopman lasyans ki fèt nan dezyèm mwatye 20èm syèk la e k ap kontinye kounye a, mache ak sistèm lekòl, sistèm inivèsite, gran gwoup savan ki etidye e ki travay nan lang manman yo.

Epi pi fò gran tèt nan tout branch lasyans depi 50 an, depi 1961, se nan lang yo te pale lakay yo toulejou, yo te aprann li, yo te aprann ekri, yo te aprann konte, yo t al lekòl, kit lang yo se alman, angle, chinwa, ebre, franse, indi, japonè, nòvejyen, panyòl, ris, syedwa pou m nonmen 12 grenn lang pami 6 mil lang kretyen vivan pale sou latè e m mèt di anlè tou ak kominikasyon radyo, televizyon, entènèt.

Èske nou wè jan ti elèv lekòl ta devlope abitid reflechi, egzaminen yon bagay, yon pwoblèm, yon sitiyasyon, si yo ta ba yo okazyon rekonèt òganizasyon ki anndan yon lang yo pale toulejou, yo tande moun pale depi yo tou piti?

Si pawòl mwen pale ak nou la a an kreyòl pa gen valè, si yo pa ede nou konprann: chemen nòmal devlopman tout kalite konesans pou tout timoun tout kote sou latè depi tout tan se lang yo te atrap nan zòn kote yo te leve a, nan bouch moun yo rele manman, papa, frè, sè, kouzen, kouzin, matant, tonton, vwazen, vwazin, moun k ap ale vini nan lari, m mèt pe bouch mwen. Mwen mèt rekonèt m se yon radotè k ap deraye. Men, si nou konprann pawòl mwen yo, si nou rekonèt rezon m nan pla men m, si nou panse se bon pawòl mwen pale, se pa manti, se pa rans, se pa tenten, depi nou enterese pou Ayiti devlope, pou konesans lasyans modèn pran pye nan tout peyi a, se pou nou di :

Gen yon zouti ki deja nan tèt tout moun ki fèt e ki leve ann Ayiti. Se lang kreyòl. Ann sèvi avèk li nan tout lekòl nan peyi d Ayiti pou konesans ak lasyans genyen tout kote.

Viv konprann. Aba jako repèt. 15 jiyè 2011

Share Now
Profile photo of admintech

admintech

More Posts By admintech

Related Post

Leave us a reply